Jeremiah 44:2
-Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, voye di nou: Nou te wè tout malè mwen te fè tonbe sou lavil Jerizalèm ak sou tout lòt lavil peyi Jida yo. Jouk koulye a, se yon miray kraze yo ye. Pa gen yon grenn moun ki te rete ladan yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 26:32Se mwen menm ankò ki pral devaste peyi nou an. Ata lènmi nou yo ki pral pran peyi a pou yo rete pral sezi wè sa m'ap fè.
Deuteronomy 29:2Moyiz fè rele tout pèp Izrayèl la, li di yo konsa: -Nou wè ak je nou tou sa Seyè a te fè wa peyi Lejip la, moun ki t'ap travay ak li yo ak tout peyi a.
2 Kings 21:13M'ap peni lavil Jerizalèm menm jan mwen te peni lavil Samari ak fanmi wa Akaz la. Mwen pral netwaye lavil Jerizalèm tankou yo netwaye yon asyèt lèfini yo vire l' bouch anba.
Isaiah 24:12Lavil la ap fini, ata pòtay yo fin kraze.
Jeremiah 4:7Tankou yon lyon ki soti nan kachèt li anba raje, moun ki pral detwi nasyon yo derape. Li kite lakay li, l'ap vin devaste peyi Jida a. L'ap boule lavil peyi Jida yo, li p'ap kite yon moun ladan yo.
Jeremiah 8:3Nan move ras sa a, gen yon ti rès moun ki va chape. Mwen pral gaye yo yon bann kote sou latè pou yo rete. Lè sa a, y'a règrèt yo pa t' mouri pito. Se Seyè a ki gen tout pouvwa a menm ki di sa.