The Bible Software
bible.software › Jeremiah › Jeremiah 8 › Jeremiah 8:3

Jeremiah 8:3

Nan move ras sa a, gen yon ti rès moun ki va chape. Mwen pral gaye yo yon bann kote sou latè pou yo rete. Lè sa a, y'a règrèt yo pa t' mouri pito. Se Seyè a ki gen tout pouvwa a menm ki di sa.

Bib La

In The King James Version

And death shall be chosen rather than life by all the residue of them that remain of this evil family, which remain in all the places whither I have driven them, saith the LORD of hosts.

In Context

2Yo pral kite yo atè a konsa devan solèy la, devan lalin lan, devan zetwal yo ki nan syèl la, paske se bagay sa yo moun sa yo te renmen, se sa yo t'ap sèvi, se sa yo t'ap swiv. Se sa yo t' al mande sa pou yo fè. Se pou yo yo t'ap fè sèvis. Pesonn p'ap ranmase zosman yo pou antere yo. Y'a tounen fimye atè a.

4W'a di yo pou mwen men pawòl ki soti nan bouch Seyè a: Lè yon moun tonbe, èske li pa leve ankò? Lè yon moun pèdi chemen l', èske li pa tounen kote l' soti a?

Read all of Jeremiah 8

Cross References

Deuteronomy 30:1Mwen mete benediksyon ak madichon dèvan nou pou n' chwazi. Lè tout bagay mwen te di nou yo va rive nou, si, antan n'ap viv nan mitan lòt nasyon nan peyi kote Seyè a te gaye nou yo, nou vin chonje sa m' te di nou,

1 Kings 19:4Eli menm mache tout yon jounen nan dezè a. Lè li rete, l' al chita anba lonbray yon ti pye bayawonn. Li mande lanmò, li di: -M' pa kapab ankò, Seyè! Pito m' mouri kont fini. M' pa pi bon pase zansèt mwen yo.

Job 7:15Lè konsa, pito moun te trangle m'. Pito m' te mouri pase pou m' soufri tout doulè sa yo.

Jeremiah 23:3M'ap sanble sa ki rete nan pèp mwen an, m' pral pran yo nan tout peyi kote mwen te gaye yo a, m'ap fè yo tounen lakay yo. Y'a fè anpil pitit, y'a peple.

Jeremiah 29:14Wi, m'a kite nou jwenn mwen. Se mwen menm ki di sa. M'a fè peyi nou an kanpe ankò. M'ap pase men m' ranmase nou nan tout peyi toupatou kote m' te gaye nou yo. M'ap mennen nou tounen kote m' te pran nou pou m' te depòte nou an. Se mwen menm Seyè a ki di sa.

Jeremiah 32:36Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, pale ak Jeremi, li di l' konsa: -Koulye a mwen ta renmen di yon lòt bagay sou lavil Jerizalèm. Ou te di ansanm ak lòt yo: Lagè, grangou ak move maladi ap fini ak lavil la, l'ap tonbe nan men wa Babilòn lan.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Jeremiah 8:3

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Jeremiah 8:2Jeremiah 8Jeremiah 8:4 →