The Bible Software
bible.software › Jeremiah › Jeremiah 44 › Jeremiah 44:7

Jeremiah 44:7

Enben, koulye a, mwen menm Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, m'ap mande nou: Poukisa n'ap fè tèt nou mal konsa? Se vle nou pa vle kite pesonn, ni fanm ni gason, ni timoun, ni ti bebe, nan pèp Jida a ankò? Nou pa vle pesonn chape?

Bib La

In The King James Version

Therefore now thus saith the LORD, the God of hosts, the God of Israel; Wherefore commit ye this great evil against your souls, to cut off from you man and woman, child and suckling, out of Judah, to leave you none to remain;

In Context

6Lè sa a, mwen move, mwen fè kòlè. Mwen lage yon dife sou lavil Jida yo ak nan tout lari lavil Jerizalèm. Se vye kay kraze san pesonn ladan yo ki rete, jan nou ka wè sa jòdi a.

8Nou deyò pou nou fè m' fache ak sa n'ap fè a, lè n'ap ofri lansan bay bondye lòt nasyon yo, isit la nan peyi Lejip kote nou vin viv la? Nou vle fini ak tèt nou pou tout nasyon sou latè ka pase nou nan betiz, pou yo pran non nou pou bay moun madichon?

Read all of Jeremiah 44

Cross References

Deuteronomy 32:25Nan lari, y'a touye pitit pitit gason yo nan goumen. Moun ki anndan kay va sitèlman pè, kè yo va rete. Jenn gason ak jenn fi va mouri menm jan an tou. Depi timoun nan tete jouk granmoun cheve blan, pesonn p'ap chape.

Judges 21:11Men sa pou nou fè: N'a touye dènye gason ak tout fanm ki deja marye tankou ofrann n'ap fè pou Seyè a.

1 Samuel 22:19Sayil fè touye tout moun ki te rete nan Nòb, lavil prèt yo: fanm kou gason, timoun, ti bebe nan tete, ansanm ak bèf, bourik, ak mouton. Yo touye tout.

Proverbs 5:22Mechanste mechan yo se yon pèlen pou pwòp tèt yo. Sa yo pare pou lòt moun, se yo menm li rive.

Proverbs 15:32Moun ki refize mache sou prigad yo rayi tèt yo. Men, moun ki asepte lè yo rale zòrèy yo ap vin gen plis konprann.

Jeremiah 9:21Lanmò ap pase nan fennèt yo. L'ap antre nan gwo bèl kay nou yo. Li pase men l' pran timoun nan lari, ak jenn gason sou plas mache yo.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Jeremiah 44:7

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Jeremiah 44:6Jeremiah 44Jeremiah 44:8 →