The Bible Software
bible.software › Deuteronomy › Deuteronomy 32 › Deuteronomy 32:25

Deuteronomy 32:25

Nan lari, y'a touye pitit pitit gason yo nan goumen. Moun ki anndan kay va sitèlman pè, kè yo va rete. Jenn gason ak jenn fi va mouri menm jan an tou. Depi timoun nan tete jouk granmoun cheve blan, pesonn p'ap chape.

Bib La

In The King James Version

The sword without, and terror within, shall destroy both the young man and the virgin, the suckling also with the man of gray hairs.

In Context

24Y'a mouri grangou. Lafyèb va fini ak yo. Move maladi va minen yo. M'a voye bèt nan bwa atake yo. M'a voye sèpan ak pwazon venen pou touye yo.

26Mwen te di mwen tapral detwi yo nèt, pou pesonn pa janm chonje yo ankò sou latè.

Read all of Deuteronomy 32

Cross References

Leviticus 26:36Kanta pou rès moun ki pa mouri yo, lè y'a rive nan peyi kote yo depòte yo a, m'ap fè yo viv tout tan ak yon kè sote san rete. Konsa, bri yon fèy bwa chèch van ap pote ap kont pou fè yo kouri. Y'ap kouri tankou moun ki gen lagè dèyè yo, y'ap tonbe san pa gen moun k'ap kouri dèyè yo.

2 Chronicles 36:17Se konsa Seyè a fè wa Babilòn lan moute vin atake yo. Wa a touye tout jenn gason peyi Jida a nan Tanp lan menm. Li pa t' gen pitye pou pesonn, granmoun kou timoun, fanm kou gason, malad ou pa malad. Bondye lage yo tout nan men wa a.

Jeremiah 9:21Lanmò ap pase nan fennèt yo. L'ap antre nan gwo bèl kay nou yo. Li pase men l' pran timoun nan lari, ak jenn gason sou plas mache yo.

Jeremiah 44:8Nou deyò pou nou fè m' fache ak sa n'ap fè a, lè n'ap ofri lansan bay bondye lòt nasyon yo, isit la nan peyi Lejip kote nou vin viv la? Nou vle fini ak tèt nou pou tout nasyon sou latè ka pase nou nan betiz, pou yo pran non nou pou bay moun madichon?

Lamentations 2:19Leve nan mitan lannwit, chak fwa kòk chante, rele nan pye Bondye! Louvri kè ou bay Bondye sèl Mèt la. Mande l' gras mizèrikòd pou ti pitit ou yo, k'ap mouri grangou nan chak kalfou!

Ezekiel 7:15Batay nan tout lari! Maladi ak grangou nan tout kay! Moun ki andeyò nan jaden yo pral mouri nan lagè. Moun ki anndan lavil la, grangou ak maladi pral fini ak yo.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Deuteronomy 32:25

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Deuteronomy 32:24Deuteronomy 32Deuteronomy 32:26 →