The Bible Software
bible.software › Jeremiah › Jeremiah 49 › Jeremiah 49:14

Jeremiah 49:14

Jeremi di ankò: -Mwen te tande mesaj Seyè a bay la. Li te voye mesaje nan tout nasyon yo pou di yo sanble tout lame yo pou yo mache pran Edon, pou y' al goumen avè l'.

Bib La

In The King James Version

I have heard a rumour from the LORD, and an ambassador is sent unto the heathen, saying, Gather ye together, and come against her, and rise up to the battle.

In Context

13Se mwen menm, Seyè a, k'ap pale: Mwen fè sèman sou tèt mwen, m'ap fè lavil Bozra tounen yon dezè, yon pil vye mazi. Moun ap pase l' nan betiz, y'ap sèvi ak non l' pou bay madichon. Tout ti bouk nan vwazinaj li yo pral tounen yon pil vye mazi pou tout tan.

15Seyè a pral fè peyi a vin tou fèb nan mitan nasyon yo. Pesonn p'ap respekte nou.

Read all of Jeremiah 49

Cross References

Isaiah 18:2Mesaje ap soti nan peyi sa a, y'ap desann larivyè Nil lan nan pipirit fèt ak wozo. Nou menm mesaje yo, mete zèl nan pye nou. Tounen lakay nou. Pote nouvèl la bay moun peyi nou an. Se yon gwo peyi ki fò anpil, ki gen anpil larivyè k'ap koule ladan l'. Al pote nouvèl la bay moun bèl wotè yo, ki gen po yo boule nan solèy. Se yon pèp tout moun pè.

Isaiah 37:7Mwen pral fè wa Lasiri a tande yon sèl nouvèl, li pral kouri tounen nan peyi l'. Rive li rive, m'ap fè touye l'.

Jeremiah 51:11Bondye moute tèt tout wa peyi Medi yo, li fè yon plan pou l' detwi Babilòn. Se konsa l'ap tire revanj li pou detwi yo menm jan yo te detwi tanp li an. Fè pwent flèch yo byen pwenti! Plen sak yo flèch!

Jeremiah 51:46Pa dekouraje. Pa kite bri k'ap kouri nan peyi a fè nou pè. Chak lanne yo fè kouri yon kalite bri. Yon lè yo di se mechanste k'ap fèt nan peyi a, yon lòt lè yo di se chèf k'ap goumen ak chèf pou pran pouvwa a.

Obadiah 1:1Mesaj pwofèt Abdyas sou peyi Edon. Men mesaj Seyè a te ban mwen: Nou te tande mesaj Seyè a te bay la. Li te voye mesaj li a nan tout nasyon yo pou di yo: Annavan! Leve non! Ann mache pran Edon! Ann al goumen avè l'!

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Jeremiah 49:14

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Jeremiah 49:13Jeremiah 49Jeremiah 49:15 →