Jeremiah 49:19
Tankou yon lyon k'ap soti nan rakbwa bò larivyè Jouden an pou l' ale kote bèt yo ye nan savann yo, mwen menm Seyè a, m'ap vini, m'ap fè moun yo kouri kite peyi a anvan yo bat je yo. Lè sa a, se moun m'a chwazi a m'a mete pou gouvènen peyi a. Ki moun ki tankou m'? Ki moun ki ka koresponn avè m'? Ki chèf ki ka kenbe tèt avè m'?
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 15:11Seyè, nan tout bondye yo, kilès ki tankou ou! Pouvwa ou fè yo respekte ou! Ou se Bondye ki apa nèt! Kilès ki tankou ou? Ou menm ki fè mirak, ou menm ki fè mèvèy pou fè moun pè! Kilès ki tankou ou?
1 Chronicles 12:15Se yo menm ki te janbe lòt bò larivyè Jouden an yon lè larivyè a t'ap desann nan premye mwa lanne a. Lèfini, yo fè tout moun ki te rete nan fon yo mete deyò, ni sou bò solèy leve, ni sou bò solèy kouche.
Job 9:19Mwen ta seye fè fòs avè l'? Fòs, se nan men l' sa ye. Mwen ta rele l' tribinal? Ki jij ki va voye manda ba li?
Job 23:3Si m' te ka konnen kote pou m' jwenn li, mwen ta rive kote l' ye a.
Job 41:10Si yo leve l' nan dòmi, li move. Pa gen moun ki ka kanpe devan l'.
Psalms 76:7(076:8) Men ou menm, ou fè moun respekte ou! Kilès ki ka rete kanpe devan ou lè ou an kòlè?