Jeremiah 49:29
Pran tant yo, kabrit yo, mouton yo, rido tant yo ansanm ak tout lòt bagay ki nan tant yo. Pran chamo yo. Di byen fò nan zòrèy yo: Kote ou pase tout moun pè.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Judges 6:5Lè konsa, yo moute ak tout tant yo ak bann bèt yo. Yo moute an kantite, ou ta di bann krikèt vèt. Ou pa ka konte konbe ki genyen, ni kantite chamo yo mennen ak yo. Yo te vin nan peyi a pou ravaje l'.
Judges 8:21Lè sa a, Zebak ak Salmouna di: -Annavan non, monchè! Se ou menm ki pou touye nou! Se gason tout bon ki pou fè kalite travay konsa. Jedeyon leve vre, li touye Zebak ak Salmouna. Apre sa, li pran tout bijou ki te gen fòm dekou lalen ki te mare nan kou chamo yo.
1 Chronicles 5:20Yo pa t' pou kont yo nan batay la. Yo te mete konfyans yo nan Bondye. Pandan batay la, yo lapriyè mande l' konkou. Bondye reponn yo, li lage tout moun Aga yo ansanm ak tout moun ki te avèk moun Aga yo nan men yo.
Psalms 31:13(031:14) Mwen tande jan anpil moun ap pale m' mal. Kote m' pase mwen pè. Yo mete tèt yo ansanm sou do m', y'ap fè konplo pou yo touye m'.
Isaiah 13:20Moun p'ap janm al rete la ankò. L'ap rete san moun pou tout tan. Moun peyi Arabi k'ap mache nan dezè yo p'ap janm moute tant yo bò la, ni ankenn gadò mouton p'ap janm mennen mouton yo vin manje bò la.
Jeremiah 4:20Y'ap anonse malè sou malè! Y'ap fini ak tout peyi a. Nou rete konsa, nou wè yo kraze tout tant nou yo. Yo demoli tout kay andeyò nou yo.