The Bible Software
bible.software › Jeremiah › Jeremiah 49 › Jeremiah 49:3

Jeremiah 49:3

Nou menm moun lavil Esbon, plenn sò nou! Lavil Ayi fini! Medam lavil Raba yo, mare ren nou! Mete rad sak sou nou! Rele! Pran lari pou nou! Y'ap depòte Milkòm, bondye nou an, ansanm ak tout pè li yo ak tout chèf li yo!

Bib La

In The King James Version

Howl, O Heshbon, for Ai is spoiled: cry, ye daughters of Rabbah, gird you with sackcloth; lament, and run to and fro by the hedges; for their king shall go into captivity, and his priests and his princes together.

In Context

2Se sa ki fè men jou a ap rive. Se mwen menm Seyè a k'ap pale la a. Mwen pral fè moun ki rete Raba, kapital peyi Amon an, tande bri lagè. Lavil la pral tounen yon pil wòch. Yo pral boule ti bouk li yo ratè. Lè sa a, moun pèp Izrayèl yo va reprann tè ki te pou yo a.

4Poukisa n'ap fè grandizè konsa? Jan nou te kontan fon nou yo! Men fon yo tonbe. Bann moun tèt di, nou te mete konfyans nou nan richès nou. Nou t'ap di: Pa gen moun ki ka penmèt yo atake nou!

Read all of Jeremiah 49

Cross References

1 Kings 11:5Li pran sèvi Astate, bondye peyi Sidon an, ak Milkòm, vye zidòl degoutan peyi Amon an.

2 Kings 23:13Jozyas gate tout lotèl wa Salomon te fè bati sou bò solèy leve lavil Jerizalèm, sou bò sid Mòn Pye Oliv yo, pou fè sèvis pou Astate, vye zidòl peyi Sidon an, pou Kemòch, vye zidòl peyi Moab la, ak Milkòm, vye zidòl peyi Amon an.

Isaiah 13:6Nou mèt plenyen kont kò nou, paske jou Seyè a pre rive! Bondye ki gen tout pouvwa a pral vini pou l' devaste tè a.

Isaiah 15:2Moun peyi Moab yo ap kouri moute lavil Dibon, sou tèt mòn yo pou y' al kriye. Moun peyi Moab yo pral plenn tèlman y'ap nan lapenn pou lavil Nebo ak lavil Medeba. Yo taye tout cheve nan tèt yo, yo koupe tout bab nan figi yo.

Isaiah 23:1Men yon mesaj pou lavil Tir: -Nou menm maren ki sou batiman Tasis yo, nou mèt plenn sò nou! Lavil Tasis fini. Pa gen kay ankò, pa gen pò! Yo t'ap tounen soti peyi Kitim lè yo pran nouvèl la.

Isaiah 32:11Bann byennerèz, nou pral nan ka! Bann paresèz, nou pral tranble! Wete rad sou nou, rete toutouni, mare ren nou ak ranyon,

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Jeremiah 49:3

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Jeremiah 49:2Jeremiah 49Jeremiah 49:4 →