Jeremiah 49:33
M'ap fè zòn Azò a tounen yon dezè pou tout tan, kote bèt nan bwa rete. Pesonn p'ap rete ladan l' ankò. Ankenn moun p'ap viv la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 14:23M'ap fè lavil Babilòn tounen yon marekay. Se zagoudi ase k'ap rete la. Mwen pral bale sa byen bale. M' p'ap kite anyen. Se mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, ki pale.
Isaiah 34:13Pikan pral pouse nan tout palè l' yo, kwòkachen ak chadwon pral pouse nan tout fò yo. Se la chen mawon pral rete. Se la otrich pral fè nich yo.
Jeremiah 9:11M'ap fè lavil Jerizalèm tounen yon pil mazi kote chat mawon rete. M'ap fè tout lavil peyi Jida yo tounen dezè san pesonn ladan yo.
Jeremiah 49:17Seyè a di ankò: Se konsa peyi Edon an pral tounen yon dezè k'ap bay gwo lapenn. Tout moun k'ap pase bò la pral pran sezisman, y'ap pè.
Jeremiah 50:39Se poutèt sa, se chat mawon ak vye bèt nan bwa ki pral rete nan peyi sa a. Se la gwo zwazo otrich yo pral rete. P'ap janm gen moun rete ladan l' ankò pou tout tan, jouk sa kaba.
Zephaniah 2:9Se poutèt sa, mwen menm Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye vivan pèp Izrayèl la, mwen sèmante sou tèt mwen, sa ki te rive lavil Sodòm lan, se sa ki pral rive peyi Moab la. Sa ki te rive lavil Gomò a, se sa ki pral rive peyi moun Amon yo. Yo pral tounen yon kote se pikan chadwon ase ki pral leve, yon mi n' sèl, yon dezè pou tout tan. Ti ponyen ki va rete nan moun pèp mwen yo va piye yo, ti ponyen ki va rete nan moun k'ap sèvi m' yo va pran peyi a pou yo.