The Bible Software
bible.software › Jeremiah › Jeremiah 51 › Jeremiah 51:2

Jeremiah 51:2

Wi, m'ap voye etranje nan peyi a. Y'ap gaye l' tankou van k'ap bwote pay chèch, y'ap ravaje peyi a. Lè jou malè sa a va rive, y'ap soti toupatou vin tonbe sou li.

Bib La

In The King James Version

And will send unto Babylon fanners, that shall fan her, and shall empty her land: for in the day of trouble they shall be against her round about.

In Context

1Seyè a di konsa: -Mwen pral fè yon gwo van soufle sou lavil Babilòn pou detwi l' ansanm ak tout moun li yo.

3Pa bay sòlda yo chans pou yo tire banza yo, ni pou yo mete rad batay yo sou yo. Pa kite jenn gason yo chape. Touye tout lame a pou Bondye.

Read all of Jeremiah 51

Cross References

Isaiah 41:16Nou pral vannen yo, van ap bwote yo ale. Van tanpèt ap gaye yo toupatou. Men, nou pral fè fèt pou Seyè a. Nou pral kontan Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa.

Jeremiah 15:7Nan tout ti bouk nan peyi a, mwen mete nou nan laye pou vannen nou tankou pay. Mwen detwi pèp mwen an, mwen kite yo san pitit. Men, yo pa kite move chemen yo t'ap swiv la.

Jeremiah 50:29Voye chache tout moun ki konn sèvi ak banza pou yo mache pran lavil Babilòn. Fè yo sènen lavil la nèt, pou pesonn pa ka chape. Fè l' peye tou sa li te fè. Fè l' pase tou sa li te fè lòt moun pase, paske li te konprann pou l' te kenbe tèt ak Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa.

Jeremiah 51:27Bay siyal nan tout peyi a pou yo atake. Kònen twonpèt nan tout nasyon yo. Pare tout nasyon yo pou y' al fè lagè ak Babilòn. Voye rele wa peyi Arara a, wa peyi Mini an, wa peyi Achkenaz la pou y' al atake l'. Chwazi chèf pou mennen batay la. Fè yo mennen anpil chwal ban nou pou yo menm kantite ak yon bann krikèt.

Matthew 3:12Li gen laye l' nan men li. L'ap vannen tout grenn ki sou glasi a. La ranmase grenn ki bon yo, la mete yo nan galata li; men, l'ap boule pay la nan yon dife ki p'ap janm mouri.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Jeremiah 51:2

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Jeremiah 51:1Jeremiah 51Jeremiah 51:3 →