Jeremiah 7:9
Kouman nou ta vle sa? N'ap vòlò, n'ap touye moun, n'ap fè adiltè, n'ap fè sèman pou bay manti, n'ap fè ofrann pou yo boule pou Baal, n'ap kouri fè sèvis pou yon bann lòt bondye nou pa t' janm konnen anvan.
Bib La
In The King James Version
In Context
8Men, nou chita ap kwè yon bann pawòl manti ki p'ap sèvi nou anyen.
Cross References
Exodus 20:3Piga nou gen lòt bondye pase mwen menm sèlman.
Judges 5:8Lè sa a, te prèt pou gen lagè nan peyi a. Moun pèp Izrayèl yo tanmen sèvi lòt bondye. Lè sa a tou, te gen karantmil (040.000) gason nan pèp Izrayèl la. Men, pa t' gen yon plak pwotèj ak frenn pou yo sèvi.
Psalms 50:16Men, Bondye pale ak mechan yo, li di yo: -Ki dwa nou genyen pou n'ap resite kòmandman mwen yo? Ki dwa nou genyen pou nou gen pawòl kontra mwen an nan bouch nou?
Jeremiah 5:2Yo te mèt pran non m' pou fè sèman, se pou twonpe moun.
Jeremiah 9:2Jan mwen ta renmen jwenn yon ti kote pou m' rete nan mitan dezè a, pou m' manyè kite pèp mwen an, pou m' al byen lwen yo. Yo yonn pa kenbe pawòl yo ak Bondye. Se yon bann trèt yo ye.
Jeremiah 11:17Se mwen menm Seyè ki gen tout pouvwa a ki te plante pèp Izrayèl la ansanm ak pèp Jida a. Men koulye a, mwen pran desizyon pou m' voye malè sou yo. Se yo menm ki chache l' avèk tou sa yo fè ki mal: Se yo ki fè m' fache paske y' al boule ofrann pou Baal!