Jeremiah 8:6
M' pare zòrèy mwen pou m' tande tout sa n'ap di: Men, pawòl ki soti nan bouch nou pa laverite. Pa gen yonn nan nou ki gen lapenn pou mechanste n'ap fè yo. Pa gen yonn ki di: Kisa m'ap fè la a konsa? Tankou yon chwal k'ap kouri pou al nan lagè, yo pa tande yo pa wè, yo lage kò yo pi fon nan mechanste yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Job 10:2M'a di Bondye: Tanpri, pa kondannen m'. Fè m' konnen poukisa ou leve dèyè m' konsa.
Job 34:31Men, si yon mechan pale ak Bondye, si li di l': -Wi, mwen te fè sa ki mal. Mwen p'ap fè sa ankò.
Job 39:19Eske se ou menm ki bay chwal yo fòs, ki mete bèl krenyen sou kou yo?
Psalms 14:2Seyè a rete nan syèl la, l'ap gade lèzòm anba, pou l' wè si gen ladan yo ki gen konprann, si gen ladan yo k'ap chache l'.
Isaiah 57:17Wi, mwen te fache anpil sou yo paske yo te gen move lanvi nan kè yo. Mwen te fè kòlè, mwen te pini yo, mwen te lage yo, paske yo t'ap fè tèt di, yo t'ap fè sa yo pi pito.
Jeremiah 2:24Ou tankou yon fenmèl bourik mawon nan savann. Lè li an chalè, l'ap pran sant van an. Lè li bezwen kwaze, ki moun ki ka kenbe l'? Mal yo pa bezwen bat kò yo pou yo jwenn li. Depi se mwa li, y'ap jwenn li.