Job 13:12
Bèl pawòl nou yo pa gen plis valè pase pousyè tè. Repons n'ap ban mwen yo pa kenbe, yo tankou miray sab.
Bib La
In The King James Version
Your remembrances are like unto ashes, your bodies to bodies of clay.
In Context
11Nou pa pè gwo pouvwa Bondye a? Nou pa pè li kraze nou?
13Koulye a, pe bouch nou! Ban m' yon chans pou m' pale. Sa ki pou rive a te mèt rive!
Cross References
Genesis 2:7Lè sa a, Seyè a, Bondye a, pran pousyè tè, li fè yon nonm. Li soufle nan twou nen nonm lan pou l' ba li lavi. Epi nonm lan vin vivan.
Exodus 17:14Apre sa, Seyè a di Moyiz: -Ekri sa nan liv rejis la pou moun yo pa janm bliye batay sa a. W'a di Jozye konsa m'ap efase non Amalèk sou latè pou yo pa janm chonje l' ankò.
Job 18:17p'ap gen pesonn k'ap chonje l' ankò sou latè. Y'ap bliye l' nèt nan tout peyi a.
Psalms 34:16(034:17) Men, Seyè a vire do bay moun k'ap fè sa ki mal, pou pesonn sou latè pa janm chonje yo.
Psalms 109:15Se pou Seyè a pa janm bliye peche yo te fè. Se pou li fè moun bliye yo nèt sou latè,
Isaiah 26:14Sa ki mouri yo mouri nèt, lespri yo p'ap leve ankò. Paske, ou pini yo, ou disparèt yo. Ou fè pa gen moun k'ap chonje yo ankò.