Job 14:13
Si sèlman ou ta vle kache m' nan peyi kote mò yo ye a? Si ou te ka kite m' la jouk kòlè ou la fin pase? Apre sa, ou ta fikse yon dat pou chonje m' ankò.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 12:23Konsa, lè Seyè a va pase nan peyi Lejip la pou touye moun peyi Lejip yo, l'a wè san an sou chanbrann yo ak sou lento a, l'ap pase devan pòt la, li p'ap kite moun ki reskonsab pou touye a antre lakay nou pou touye nou.
Psalms 106:4Seyè, jan ou gen kè sansib pou pèp ou a, pa bliye m'. Pa bliye m', lè w'ap vin delivre yo.
Isaiah 26:20Ale non, pèp mwen an! Antre lakay nou. Fèmen pòt dèyè nou. Kache kò nou pou yon ti tan, jouk kòlè Bondye a va fin pase.
Mark 13:32Pesonn pa konnen ni ki jou ni ki lè bagay sa yo ap rive, pa menm zanj yo ki nan syèl la, pa menm Pitit la. Sèl Papa a konn sa.
Acts 1:7Jezi reponn yo: Nou pa bezwen konnen ki jou ni ki lè sa va fèt. Se Papa a ki fikse dat la li menm, pou kont li.