Job 22:30
L'ap delivre ou si ou inonsan. L'a sove ou, si ou pa janm sal men ou nan anyen.
Bib La
In The King James Version
He shall deliver the island of the innocent: and it is delivered by the pureness of thine hands.
In Context
29Bondye kraze lògèy moun awogan. Men, li sove moun ki bese tèt devan li.
Cross References
Job 42:7Lè Seyè a fin pale konsa ak Jòb, li pale ak Elifaz, moun lavil Teman an. Li di l' konsa: -Mwen te fache sou ou ak sou de zanmi ou yo, paske sa nou di sou mwen an pa vre menm. Nou pa t' pale tankou Jòb, sèvitè m' lan.
Job 42:9Elifaz, moun lavil Teman an, Bildad, moun lavil Chwa a, ak Sofa, moun lavil Naama a, al fè tou sa Seyè a te di yo fè a. Seyè a fè tou sa Jòb te mande l' nan lapriyè a.
Psalms 24:4Se moun ki pa fè anyen ki mal, moun ki pa gen move lide nan tèt yo. Se moun ki pa nan bay manti, moun ki pa nan fè sèman pou twonpe moun.
Isaiah 58:12N'a rebati vye kay nou yo ki te fin tonbe. N'a moute lòt kay sou ansyen miray fondasyon tan lontan yo. Y'a rele nou moun ki konn repare miray fann yo, moun ki konn balize granchemen yo, moun k'ap refè kay ki kraze yo pou moun ka vin rete nan peyi a ankò.
Malachi 1:9Koulye a, nou menm prèt yo, lapriyè nan pye Bondye pou l' gen pitye pou nou non! Eske la ban nou favè l'? Se nou menm ki va lakòz li pa fè sa pou nou!
Acts 19:15Men move lespri a reponn yo: Mwen konnen Jezi, mwen konnen Pòl. Men nou menm, ki moun nou ye?