Job 31:27
Mwen pa janm pèdi tèt mwen pou m' sèvi yo an kachèt.
Bib La
In The King James Version
And my heart hath been secretly enticed, or my mouth hath kissed my hand:
In Context
26Mwen pa janm adore solèy ak lalin lè yo klere byen bèl nan syèl la.
28Sa a tou, yo ta mèt touye m' si m' ta fè l', paske mwen ta nye Bondye ki gen tout pouvwa a.
Cross References
Deuteronomy 11:16Fè atansyon pou nou pa pèdi tèt nou, pou nou pa kite chemen ki devan nou an pou n' al sèvi lòt bondye, pou n' al adore yo.
1 Kings 19:18Men m'ap kite sètmil (07.000) moun vivan nan peyi Izrayèl la. Se moun ki pa t' mete ajenou devan Baal pou sèvi li, ni ki pa t' bo estati li yo.
Isaiah 44:20Se tankou si yo te mete konfyans yo nan sann dife. Se tèt yo y'ap twonpe. Yo pèdi wout yo. Yo p'ap ka sove lavi yo, yo pa konprann zidòl yo gen nan men yo a se pa bondye li ye.
Hosea 13:2Jouk koulye a, y'ap fè peche toujou. Y'ap pran kwiv, y'ap fonn li pou fè estati zidòl. Y'ap fè bèl zidòl an ajan jan yo konnen. Tou sa se travay atizan fè ak men yo. Apre sa yo di: Ann ofri bèt pou touye ba yo! Koulye a nou wè se moun k'ap bo estati bèf!
Romans 1:28Yo refize bay Bondye premye plas nan kè yo. Bondye tou kite yo tonbe anba pouvwa lespri yo ki fin deraye pou yo fè bagay yo pa t' dwe fè.