Hosea 13:2
Jouk koulye a, y'ap fè peche toujou. Y'ap pran kwiv, y'ap fonn li pou fè estati zidòl. Y'ap fè bèl zidòl an ajan jan yo konnen. Tou sa se travay atizan fè ak men yo. Apre sa yo di: Ann ofri bèt pou touye ba yo! Koulye a nou wè se moun k'ap bo estati bèf!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Numbers 32:14Epi koulye a, nou vle fè tankou papa nou yo? Ou byen wè se pitit yo nou ye vre! Nou pral fè Seyè a pi move ankò sou pèp Izrayèl la.
1 Kings 19:18Men m'ap kite sètmil (07.000) moun vivan nan peyi Izrayèl la. Se moun ki pa t' mete ajenou devan Baal pou sèvi li, ni ki pa t' bo estati li yo.
2 Chronicles 33:23Men, li pa t' rekonèt peche l' yo devan Seyè a, tankou Manase, papa l', te fè l' la. Li menm rive fè pi mal pase papa l' toujou.
Psalms 115:4Zidòl pa yo, se bagay ki fèt ak ajan ak lò. Se moun ki fè yo ak men yo.
Isaiah 1:5Poukisa n'ap plede fè tèt di konsa? Pa gen kote ankò pou yo frape nou. Tout tèt la malad. Pa gen kò ankò pou sipòte.
Isaiah 44:11Moun k'ap sèvi estati zidòl yo pral wont. Moun k'ap fè estati yo, se moun yo ye. Se pou yo vini pou yo konparèt devan tribinal la. Se pou yo pè, se pou yo wont!