Job 37:12
Bondye fè yo vire nan syèl la jan li vle. Yo fè tou sa li ba yo lòd fè toupatou sou latè.
Bib La
In The King James Version
In Context
11Zèklè yo ap fè yan nan nwaj yo. Nwaj yo klere byen lwen.
13Bondye voye lapli pou wouze latè. Li voye l' pou pini moun, li voye l' pou beni yo tou.
Cross References
Psalms 104:24Seyè, ou fè anpil bagay! Ou fè yo avèk bon konprann. Latè plen ak bagay ou fè.
Jeremiah 14:22Zidòl moun lòt nasyon yo pa vo anyen. Pa gen yonn ladan yo ki ka voye lapli. Syèl la pou kont pa l' pa ka bay lapli. Se ou menm ki Seyè a, Bondye nou an! Se ou menm ki tout espwa nou, paske se ou menm ki fè tout bagay sa yo.
Amos 4:7Lè jaden nou tapral pote rekòt, mwen pa t' kite lapli tonbe. Mwen voye lapli sou yon lavil, mwen fè yon lòt rete san yon grenn lapli. Yon jaden jwenn lapli, yon lòt menm ap mouri.
Revelation 11:6Yo gen pouvwa fèmen sièl la pou okenn lapli pa tonbe lè y'ap fè konnen mesaj Bondye a. Yo gen pouvwa tou pou yo fè dlo tounen san. Yo gen pouvwa pou yo fè tout kalite kalamite tonbe sou latè, kantite fwa y'a vle li.