Job 42:9
Elifaz, moun lavil Teman an, Bildad, moun lavil Chwa a, ak Sofa, moun lavil Naama a, al fè tou sa Seyè a te di yo fè a. Seyè a fè tou sa Jòb te mande l' nan lapriyè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Job 2:11Twa nan zanmi Jòb yo vin konnen tout malè ki te tonbe sou li. Yo kite peyi yo, yo vin wè Job. Se te Elifaz, moun Teman, Bildad, moun Chwak, epi Sofa, moun Naama. Yo fè lide vin ansanm pou plenn sò li epi pou ba li kouraj.
Job 22:30L'ap delivre ou si ou inonsan. L'a sove ou, si ou pa janm sal men ou nan anyen.
Job 42:8Atòkile, men sa pou nou fè: Pran sèt towo bèf ak sèt belye mouton. Al jwenn Jòb ak yo. N'a ofri yo pou nou, n'a boule yo nèt. Jòb li menm va lapriyè pou nou. M'a reponn li. Konsa, m'a fè pa nou. Mwen p'ap pini nou deske nou pa t' pale byen sou mwen, jan Jòb, sèvitè m' lan, te fè l' la.
Ecclesiastes 9:7Ale non, monchè, manje manje ou ak kè kontan, bwè diven ou san kè sote. Bondye deja dakò ak tou sa w'ap fè.
Matthew 7:24Konsa, moun ki tande pawòl mwen fenk sot di a, epi ki fè sa mwen mande li fè a, l'ap tankou yon moun lespri ki bati kay li sou wòch.
Acts 9:6Leve, antre lavil la. Se la y'a di ou sa ou gen pou fè.