The Bible Software
bible.software › Joel › Joel 2 › Joel 2:14

Joel 2:14

Sa ki konnen? Li ka chanje lide, li ka padonnen nou. Li ka ban nou benediksyon. N'a gen grenn jaden ak diven ankò pou nou fè ofrann bay Seyè a, Bondye nou an!

Bib La

In The King James Version

Who knoweth if he will return and repent, and leave a blessing behind him; even a meat offering and a drink offering unto the LORD your God?

In Context

13Se pa rad sou nou pou nou chire, se kè nou menm pou nou chire pou fè wè jan nou nan lapenn. Tounen vin jwenn Seyè a, Bondye nou an. Li gen bon kè anpil, li gen pitye pou moun. Li pa fache fasil, li p'ap janm sispann renmen nou. Li toujou pare pou padonnen nou.

15Kònen twonpèt sou mòn Siyon an! Bay lòd pou tout moun fè jèn! Mande pou tout moun reyini!

Read all of Joel 2

Cross References

Joshua 14:12Se poutèt sa, mwen mande ou pou ou ban mwen mòn Seyè a te pwomèt mwen jou sa a. Ou te rive konnen se yon bann gwonèg bèl wotè yo rele anakim ki t'ap viv la. Yo te gen anpil gwo lavil ki te byen pwoteje ak ranpa. Men, mwen kwè Seyè a pral kanpe avè m'. L'a ede m' pran peyi a nan men yo jan li te di l' la.

2 Samuel 12:22David reponn yo: -Wi, mwen t'ap kriye, mwen te rete san manje lè pitit la te vivan toujou. Mwen te kwè Seyè a ta gen pitye pou mwen, li pa ta kite pitit la mouri.

2 Kings 19:4Wa peyi Lasiri a te voye chèf gad palè li a manke Bondye vivan an dega. Se pou Seyè a, Bondye ou la, tande tout jouman sa yo. Se pou l' peni moun ki di pawòl sa yo. Ou menm, lapriyè pou rès moun pèp nou an ki vivan toujou.

Jeremiah 26:3Ou pa janm konnen, yo ka koute ou, yo ka pran desizyon yonn apre lòt pou yo kite move jan y'ap viv la. Mwen fè lide voye malè sou yo pou tou sa yo te fè ki mal. Men, si yo koute ou, m'a chanje lide.

Joel 1:13Nou menm prèt yo, mete rad sak sou nou! Pete rele! Nou menm k'ap sèvi devan lotèl la, mare ren nou. Ale nan tanp lan, pase nwit lan ak rad sak sou nou. Nou menm k'ap fè sèvis pou Bondye m' lan, nou nan lapenn. Pa gen grenn jaden, pa gen diven pou fè ofrann nan kay Bondye nou an.

Amos 5:15Rayi sa ki mal, renmen sa ki byen. Pa kite yo fè lenjistis nan tribinal. Nou pa janm konnen, Seyè a ka gen pitye pou ti rès ki rete nan pitit pitit Jozèf yo.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Joel 2:14

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Joel 2:13Joel 2Joel 2:15 →