Joel 3:19
Peyi Lejip pral tounen yon savann dezole. Peyi Edon pral tounen yon dezè. Paske, yo te fè moun peyi Jida yo mechanste, yo te touye yon bann inonsan nan peyi yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 11:15Seyè a pral voye yon van cho ki pral cheche tout dlo gwo larivyè Lejip la. Li pral cheche dlo larivyè Lefrat la. L'ap fè l' tounen sèt ti kannal dlo, konsa tout moun ka janbe l' ak tout sapat nan pye yo.
Isaiah 34:1Nou menm moun tout nasyon yo, pwoche pou n' koute! Tout pèp sou latè, louvri zòrèy nou! Se pou tout moun ansanm ak tout bagay ki sou latè yo koute!
Jeremiah 49:17Seyè a di ankò: Se konsa peyi Edon an pral tounen yon dezè k'ap bay gwo lapenn. Tout moun k'ap pase bò la pral pran sezisman, y'ap pè.
Lamentations 4:21Nou menm, moun peyi Edon ki rete lavil Ouz, nou mèt fè kè nou kontan, nou mèt fè fèt! Tou pa nou dèyè, tande! Jou sa a, nou pral titibe toutouni nan tout lari.
Ezekiel 35:1Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa:
Obadiah 1:1Mesaj pwofèt Abdyas sou peyi Edon. Men mesaj Seyè a te ban mwen: Nou te tande mesaj Seyè a te bay la. Li te voye mesaj li a nan tout nasyon yo pou di yo: Annavan! Leve non! Ann mache pran Edon! Ann al goumen avè l'!