John 10:2
Men, moun ki pase nan pòt la, se gadò mouton yo li ye.
Bib La
In The King James Version
But he that entereth in by the door is the shepherd of the sheep.
In Context
Cross References
Psalms 23:1Se yon sòm David. Seyè a se gadò mwen, mwen p'ap janm manke anyen.
Ecclesiastes 12:11Pawòl moun ki gen konprann tankou baton yo sèvi pou djige bèf kabwa. Liv pwovèb yo tankou yon seri klou yo kloure yonn kot lòt. Men se yon sèl mèt ki bay yo, se Bondye.
Isaiah 63:11Men, yo chonje tan lontan, yo vin chonje Moyiz. Yo mande koulye a: Kote Bondye ki te rale yo sot nan lanmè a, Bondye ki te mete Moyiz mache devan yo tankou yon gadò pou bann mouton l' yo? Kote Bondye ki te bay Moyiz pouvwa lespri li a?
Micah 5:5L'a fè tout moun viv byen yonn ak lòt. Lè moun peyi Lasiri yo va anvayi peyi nou an, lè y'a pwonmennen mache nan tout peyi a, n'a voye sèt chèf, n'a voye wit menm al konbat yo.
Zechariah 11:5Moun k'ap achte yo a ap touye yo. Pesonn pa ka mande yo kont. Moun k'ap vann yo menm ap di: Lwanj pou Bondye! Gade jan nou rich non! Ata gadò mouton yo pa gen pitye pou yo.
Zechariah 13:7Seyè ki gen tout pouvwa a pale, li di ankò: -Nepe, leve non! Al atake gadò mouton m' yo, moun k'ap travay avè m' lan. Touye l' pou bann mouton an ka gaye. M'ap pini ata moun ki pi piti yo.