Jan 12:32
Men mwen menm, lè y'a leve m' anlè sou tè a, mwen gen pou m' rale tout moun vin jwenn mwen.
Bib La
In The King James Version
And I, if I be lifted up from the earth, will draw all men unto me.
In Context
33(Lè l' di sa, li t'ap moutre yo ki jan li tapral mouri.)
Cross References
Numbers 21:9Moyiz pran kwiv, li fonn li, li fè yon sèpan parèy ak sèpan yo. Lèfini, li mete l' sou yon poto byen wo. Tout moun sèpan mòde, depi yo voye je yo gade sèpan an kwiv la, yo pa mouri.
2 Samuel 18:9Absalon al kontre ak kèk sòlda nan lame David la. Li te moute sou yon milèt. Antan l'ap pase anba yon gwo pyebwa, cheve li yo al pran nan yon branch, milèt la menm pa rete, li kouri al fè wout li. Absalon rete pandye anlè.
Song of Solomon 1:4Pran m' avè ou non! Ann kouri ale! Se ou menm ki wa mwen. Mennen m' nan chanm ou. Depi ou la, se pa ti kontan n'ap kontan. N'ap chante karès ou ki pi dous pase siwo myèl. Jenn fi yo gen rezon renmen ou konsa!
Hosea 11:4Pou m' te ka rale yo sou mwen, mwen fè yo wè jan mwen renmen yo, jan mwen gen bon kè. Mwen defèt baboukèt ki te mare bouch yo a. Mwen bese atè pou m' ba yo manje.
John 3:14Menm jan Moyiz te leve sèpan ki te fèt an bwonz lan byen wo sou yon poto nan mitan dezè a, konsa tou yo gen pou yo leve Moun Bondye voye nan lachè a byen wo tou.
John 8:28Jezi di yo ankò: Lè n'a leve Moun Bondye voye nan lachè a byen wo, n'a konnen se mwen menmm ki li menm. Lè sa a, n'a konnen mwen pa fè anyen pou kont mwen. Se sèlman sa Papa a moutre m' mwen di.