Jan 12:40
Bondye bouche tou de je yo. li fèmen lespri yo, pou yo pa wè nan je yo, pou yo pa konprann ak lespri yo, pou yo pa tounen vin jwenn mwen pou m' ta geri yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
39Non. Yo pa t' kapab kwè, paske men sa Ezayi te di ankò:
41Ezayi te di sa paske li te wè pouvwa Jezi, epi li pale sou li.
Cross References
Exodus 7:3Mwen menm menm, m'ap fè farawon an fè tèt di. Konsa, m'a fè plis mirak ak plis mèvèy toujou nan peyi Lejip la.
Exodus 14:4M'ap fè farawon an fè tèt di ankò, l'a rapouswiv nou. Men, m'ap bat ni farawon an ni tout lame li yo. Sa va sèvi yon lwanj pou mwen. Konsa, moun peyi Lejip yo va konnen se mwen menm ki Seyè a. Moun pèp Izrayèl yo fè jan Bondye te di yo a.
Exodus 14:17M'ap fè moun peyi Lejip yo fè tèt di pi rèd. Y'ap antre dèyè moun pèp Izrayèl yo nan mitan lanmè a. Mwen pral bat farawon an ansanm ak tout lame l' a, tout cha li yo ak tout kavalye l' yo. Sa va sèvi yon lwanj pou mwen.
Joshua 11:20paske Seyè a te fè tout moun sa yo soti pou goumen ak pèp Izrayèl la. Se pou pèp Izrayèl la te touye tout tankou ofrann pou Seyè a, san pitye pou yo yonn menm, pou yo tout te ka disparèt, jan Seyè a te bay Moyiz lòd la.
Psalms 6:2(06:3) Gen pitye pou mwen, Seyè, paske mwen santi m' san fòs. Geri mwen, Seyè, paske m'ap deperi.
Psalms 135:10Li detwi anpil nasyon, li touye wa ki te gen pouvwa: