Jan 13:5
Apre sa, li vide dlo nan yon kivèt. Epi li kòmanse lave pye disip li yo. Li t'ap siye yo ak sèvyèt li te mare nan ren l' lan.
Bib La
In The King James Version
In Context
4Li leve sot devan tab la, li wete gwo rad li a, li pran yon sèvyèt, li mare l' nan ren li.
6Se konsa, li rive sou Simon Pyè ki di l' konsa: Mèt, ou menm ki pral lave pye mwen?
Cross References
Genesis 19:2Li di. Mesye, mwen la pou m' sèvi nou. Tanpri, vin lakay mwen. n'a ka lave pye nou, n'a pase nwit la la. Denmen maten, n'a leve, n'a reprann wout nou. Mesye yo reponn. Non. Nou pral pase nwit la sou laplas la.
Leviticus 14:8Moun ki te malad la va lave rad ki te sou li yo, l'a kale tèt li nèt, l'a benyen nan gwo dlo, epi l'a nan kondisyon pou fè sèvis Bondye ankò. Apre sa, l'a antre nan kan kote moun rete a, men li p'ap antre lakay li pandan sèt jou.
2 Kings 3:11Jozafa mande: —Pa gen yon pwofèt bò isit la ki ta ka pale ak Seyè a pou nou? Yonn nan chèf wa peyi Izrayèl yo di: —Bò isit la gen Elize, pitit gason Chafa a. Se li ki t'ap sèvi ak Eli.
Psalms 51:2(051:4) Lave m', foubi m' pou wete fòt mwen fè a. Netwaye m' pou efase peche m' lan.
Ezekiel 36:25M'ap benyen nou nan bon dlo klè pou nou ka vin nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen. M'ap mete nou nan kondisyon pou sèvi m', m'ap wete tout vye bagay derespektan nou t'ap fè yo ak tout zidòl nou yo.
Luke 7:38Li mete kò l' dèyè bò pye Jezi. Li kriye, li kriye, li mouye pye Jezi ak dlo ki t'ap soti nan je li. Apre sa, li siye yo ak cheve l', li bo yo, epi li vide odè sou yo.