Luke 7:38
Li mete kò l' dèyè bò pye Jezi. Li kriye, li kriye, li mouye pye Jezi ak dlo ki t'ap soti nan je li. Apre sa, li siye yo ak cheve l', li bo yo, epi li vide odè sou yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Judges 2:4Lè zanj Seyè a fin di yo sa, tout pèp la pran kriye.
Psalms 6:6(06:7) Se fini m'ap fini afòs m'ap kriye. Lannwit, kabann mwen mouye nèt afòs jè m' kouri dlo.
Psalms 51:17(051:19) Ofrann ki fè Bondye plezi, se lè yon moun soumèt tèt li devan li. Bondye, ou p'ap janm meprize moun ki soumèt tèt li devan ou, moun ki rekonèt tò li.
Ecclesiastes 9:8Se pou rad anwo ou toujou byen pwòp, tèt ou toujou byen penyen ak lwil santi bon.
Isaiah 57:9Nou mete odè sou nou, nou pati al fè sèvis pou Molòk. Nou mete tout kalite odè sou nou. Nou voye mesaje byen lwen al chache zidòl pou nou. Nou voye yo jouk nan peyi kote mò yo ye a.
Jeremiah 31:9Sou tout wout la y'ap lapriyè, y'ap kriye de ran dlo, antan m'ap mennen yo tounen. M'ap fè yo pran yon wout plat kote yo p'ap bite, jouk yo rive bò sous dlo yo. Mwen tankou yon papa pou pèp Izrayèl la. Efrayim se premye pitit gason m'.