Jan 14:24
Moun ki pa renmen m', li p'ap fè tou sa m' di l' fè. Tou sa nou tande m'ap di a, se pa nan mwen yo soti, men se nan Papa m' ki voye m' lan yo soti.
Bib La
In The King James Version
In Context
25Mwen di nou tou sa antan m' la ankò avèk nou.
Cross References
Matthew 19:21Jezi di li: Si ou vle bon nèt san manke anyen, ale vann tou sa ou genyen, separe lajan an bay pòv. Lè sa a, wa gen yon richès nan syèl la. Apre sa, vin swiv mwen.
John 3:34Moun Bondye voye a, se pawòl Bondye l'ap pale, paske Bondye ba li Sentespri san mezi.
John 5:38Nou pa kenbe pawòl li yo nan kè nou, paske nou pa kwè nan moun li voye a.
John 7:28Jezi t'ap moutre moun yo anpil bagay nan tanp lan. Li di yo byen fò: Nou rekonèt mwen? Nou konnen ki bò m' soti? Se pa mwen ki fè lide pou m' vini non. Moun ki voye m' lan, li la tout bon. Men, nou pa konnen li.
John 8:28Jezi di yo ankò: Lè n'a leve Moun Bondye voye nan lachè a byen wo, n'a konnen se mwen menmm ki li menm. Lè sa a, n'a konnen mwen pa fè anyen pou kont mwen. Se sèlman sa Papa a moutre m' mwen di.
John 8:42Jezi di yo: Si Bondye te papa nou vre, nou ta renmen mwen. Paske, mwen soti bò kot Bondye. Se li menm ki voye m' isit la. Mwen pa vini pou kont mwen. Se li menm menm ki voye mwen.