Jan 15:11
Mwen di nou tou sa pou kè kontan m' lan ka nan nou, pou nou ka kontan nèt ale.
Bib La
In The King James Version
In Context
12Men kòmandman m'ap ban nou: Se pou nou yonn renmen lòt menm jan mwen renmen nou.
Cross References
Isaiah 62:4Yo p'ap rele ou ti mepriz ankò. Yo p'ap konsidere peyi ou la tankou yon madanm mari l' kite l'. Y'a rele ou Kè kontan pou Bondye. Y'a rele peyi ou la Bèl madan marye. Paske ou fè Seyè a plezi, l'ap tankou yon mari pou peyi ou la.
Jeremiah 33:9Lè sa a, lavil Jerizalèm pral fè kè m' kontan. Li pral sèvi yon lwanj pou mwen, yon bèl bagay devan tout lòt nasyon ki sou latè. Lè y'a konnen tout byen mwen pral fè pou moun Jerizalèm yo, lè y'a wè tout bèl bagay m'a fè pou yo, y'a tranble tèlman y'a pè, y'a sezi.
Luke 15:5Lè l' jwenn li, l'ap mete l' sou zepòl li ak kè kontan.
Luke 15:23Al chache jenn ti towo nou t'ap angrese a, touye l'. Ann fete, ann manje.
John 3:29Nan yon maryaj, lamarye se pou nonm k'ap marye a. Zanmi nonm k'ap marye a kanpe toupre l', l'ap koute. Li pa manke kontan lè li tande vwa nonm k'ap marye a. Se konsa, mwen menm, mwen kontan nèt koulye a.
John 16:33Mwen pale konsa pou nou kapab gen kè poze nan mwen. Nou gen pou n' soufri anpil sou latè. Men, pran kouraj, lemonn deja pèdi devan mwen.