John 17:12
Pandan m' te la avèk yo, mwen te pwoteje yo ak pouvwa non ou, menm non ou te ban mwen an. Mwen te pwoteje yo: yo yonn pa t' pèdi, esepte nonm ki pou te pèdi a, pou sa ki te ekri nan Liv la rive vre.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 109:6Pran yon mechan, mete l' chèf sou lènmi m' lan. Moun ki la pou pran defans li, se li ki pou kanpe akize li.
John 6:37Tout moun Papa a ban mwen, gen pou vin jwenn mwen. Mwen p'ap janm mete moun ki vin jwenn mwen yo deyò.
John 6:70Jezi reponn yo: Eske se pa mwen ki chwazi nou touledouz? Malgre sa, yonn nan nou se yon dyab.
John 13:18Lè m' di sa, mwen pa pale pou nou tout. Mwen konnen moun mwen chwazi yo. Men, fòk sa ki te ekri nan Liv la rive vre. Moun k'ap manje nan menm plat avè m' lan, se li menm ki trayi mwen.
Acts 1:16Frè m' yo, sa Sentespri te anonse nan Liv yo, fòk sa te rive vre. Se konsa, nan bouch David, li te fè konnen davans ki jan Jida t'apral mennen moun ki te arete Jezi yo.
2 Thessalonians 2:3Pa kite pesonn twonpe nou nan ankenn jan. Paske, anvan jou sa a rive, gen yon dènye revòlt kont Bondye ki pou fèt. Nou gen pou nou wè mechan ki deja kondannen pou disparèt la vini anvan.