Jan 3:21
Men, moun ki fè sa ki bon vre, se nan limyè a menm l'ap vini, pou moun ka wè aklè se obeyi l'ap obeyi Bondye nan sa l'ap fè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 119:80Se pou m' fè tou sa ou vle m' fè, san manke yonn, pou m' pa janm wont.
Psalms 139:23Sonde m', Bondye! Wè tou sa ki nan kè m'! Fouye m'! Wè tou sa ki nan lide m'!
Isaiah 26:12Seyè, ou fè nou viv ak kè poze. Paske tou sa nou rive fè, se ou ki fè l' pou nou!
John 1:47Lè Jezi wè Natanayèl ap vin bò kote l', li di sou li: Men yon moun pèp Izrayèl tout bon. Se yon nonm ki pa gen riz nan li.
John 15:4Se pou n' fè yonn ak mwen, menm jan mwen fè yonn ak nou. Yon branch pa ka donnen pou kont li si l' pa fè yonn ak pye rezen an. Konsa tou, nou p'ap kapab donnen si nou pa fè yonn ak mwen.
1 Corinthians 15:10Se favè Bondye fè m' lan ki fè m' sa m' ye a. Men, li pa t' gaspiye favè l' lè li te fè sa pou mwen. Okontrè, mwen travay pase tout lòt apòt yo. Men, pou di vre, se pa mwen menm ki fè travay sa yo, se favè Bondye fè m' lan ki fè sa konsa.