Jan 4:22
Nou menm, moun Samari, nou pa konnen sa n'ap sèvi a. Nou menm jwif, nou konnen sa n'ap sèvi a, paske moun k'ap vin pou sove a, se nan mitan jwif yo l'ap soti.
Bib La
In The King James Version
Ye worship ye know not what: we know what we worship: for salvation is of the Jews.
In Context
Cross References
Genesis 49:10Yo p'ap ka wete kòmandman an nan men Jida. Non. Baton kòmandman an p'ap soti nan mitan janm li, jouk tan moun tout pèp sou latè pral obeyi a va vini.
2 Chronicles 13:10Men nou menm, se Seyè a ki Bondye nou. Nou pa janm vire do ba li. Prèt k'ap sèvi devan Seyè a se fanmi Arawon yo ye. Moun ki reskonsab sèvis yo se moun Levi yo ye.
Psalms 68:20(068:21) Bondye sa a se Bondye delivrans nou! Seyè a, Bondye nou an, ap wete nou nan bouch twou a.
Isaiah 2:3Anpil moun lòt nasyon va mache vini. Y'a di: -Ann ale sou mòn Seyè a! Ann al nan Tanp Bondye pèp Izrayèl la! L'a moutre nou jan li vle nou viv la. Konsa n'a mache nan chemen l'ap mete devan nou an. Paske, Seyè a rete sou mòn Siyon an, l'ap bay lòd li. Li rete lavil Jerizalèm, l'ap pale ak pèp li a.
Isaiah 12:6Nou menm ki rete sou mòn Siyon an, rele, fè fèt! Bondye pèp Izrayèl la se yon Bondye apa, li gen anpil pouvwa. Se nan mitan nou li rete.
Zephaniah 3:16Jou sa a, y'a di moun lavil Jerizalèm yo: Nou menm ki rete sou mòn Siyon an, nou pa bezwen pè. Pa dekouraje!