Jan 9:5
Toutotan mwen la sou latè, mwen se limyè k'ap klere tout moun ki sou latè.
Bib La
In The King James Version
As long as I am in the world, I am the light of the world.
In Context
Cross References
Isaiah 49:6Seyè a di m' konsa: Wi, sèvitè m' lan va fè fanmi Jakòb la kanpe ankò. L'a fè ti rès pèp Izrayèl yo te depòte a tounen lakay yo. Men, se poko sa toujou. M'ap fè li sèvi tankou yon limyè pou lòt nasyon yo, pou dènye moun sou latè ka konnen ki jan mwen menm mwen delivre!
Malachi 4:2Men, pou moun k'ap sèvi m' yo, pouvwa mwen ki la pou delivre yo a ap leve tankou yon bèl solèy byen klere. Yo pral sote ponpe tankou jenn ti towo gra ki lage nan savann.
Luke 2:32Se yon limyè ki pou fè tout pèp yo konnen ou; se va yon lwanj pou Izrayèl pèp ou a.
John 3:19Men ki bò kondannasyon an soti pou yo: limyè a te vini nan lemonn, men lèzòm te pito fènwa a pase limyè a, paske sa y'ap fè a mal.
John 12:35Jezi reponn yo: Nou gen limyè a la avè nou, men pa pou lontan. Mache pandan nou gen limyè a pou fènwa pa bare nou. Moun k'ap mache nan fènwa pa konnen kote l' prale.
Acts 13:47Men lòd Bondye te ban nou: Mwen mete ou pou sèvi yon limyè pou lòt nasyon yo, pou ou kapab ale toupatou sou latè, moutre ki jan tout moun ka jwenn delivrans.