Jonah 3:9
Nou pa janm konnen, Bondye ka chanje lide. L'a règrèt sa li tapral fè a, li p'ap fache sou nou ankò. Konsa, nou p'ap mouri.
Bib La
In The King James Version
Who can tell if God will turn and repent, and turn away from his fierce anger, that we perish not?
In Context
Cross References
1 Samuel 6:5N'a fè bouton lò yo pou yo sanble ak bouton ki te leve sou nou yo. Konsa tou, n'a fè senk sourit an lò pòtre ak sourit k'ap plede ravaje peyi a. Epi n'a rekonèt Bondye pèp Izrayèl la se yon Bondye ki gen pouvwa. Lè sa a, nou kwè l'a sispann frape nou, nou menm, bondye nou yo ak peyi nou an.
Psalms 106:45Li chonje kontra li te pase ak yo, li gen pitye pou yo paske li renmen yo anpil.
Joel 2:14Sa ki konnen? Li ka chanje lide, li ka padonnen nou. Li ka ban nou benediksyon. N'a gen grenn jaden ak diven ankò pou nou fè ofrann bay Seyè a, Bondye nou an!
Jonah 1:6Kaptenn batiman an al jwenn li, li di l' konsa: -Ey! Apa se dòmi w'ap dòmi? Leve non, monchè. Lapriyè bondye ou la. Ou pa janm konnen, li ka gen pitye pou nou, li ka pa kite nou mouri.
Jonah 4:2Li lapriyè Seyè a, li di l' konsa: -Aa Seyè! Men sa m' t'ap di a wi, lè m' te nan peyi m' lan. Se sa menm wi, mwen pa t' vle rive a. Se poutèt sa mwen te vle al kache nan peyi Tasis. Mwen konnen ou: Ou se yon Bondye ki gen bon kè, ki gen pitye pou nou. Ou pa fè kòlè fasil, ou pa janm sispann renmen nou, se vre. Ou toujou pare pou padonnen moun, pou chanje lide pou ou pa pini yo.
Luke 15:18M'ap leve, mwen pral tounen jwenn papa m', m'ap di li: Papa, mwen peche kont Bondye, mwen peche kont ou menm tou.