Joshua 17:7
Men limit tè yo te bay moun Manase yo. Li konmanse bò tè moun Asè yo, li rive lavil Mikmetat, anfas Sichèm, sou bò solèy leve. Li vire desann bò sid nan direksyon Jamen nan peyi moun Antapwak yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 37:12Frè Jozèf yo leve, y ale jouk Sichèm ak bann bèt papa yo pou fè yo manje.
Joshua 16:6Baliz fwontyè a soti la, l' al bout nan lanmè Mediterane a. Li kite lavil Mikmetat sou bò nò li. Sou bò solèy leve, fwontyè a vire desann bò Taanat-Silo, li pase bò kote l', sou bò lès lavil Janoa.
Joshua 20:7Se konsa, moun yo pran lavil Kadès nan peyi Galile, nan mòn ki pou moun branch fanmi Neftali yo, lavil Sichèm nan mòn ki pou moun branch fanmi Efrayim yo ak lavil Kiriyat aba ki rele koulye a Ebwon, nan mòn ki pou moun branch fanmi Jida yo pou sèvi pwoteksyon.
Joshua 24:1Jozye reyini tout branch fanmi pèp Izrayèl yo lavil Sichèm. Li fè rele tout chèf fanmi yo, tout lòt chèf yo, tout jij yo ak tout notab yo. Yo parèt devan lotèl Seyè a.
Judges 9:1Abimelèk, pitit gason Jewoubaal ki te rele Jedeyon tou, ale lavil Sichèm kote frè menm manman avè l' yo te rete. Li pale ak yo ansanm ak tout fanmi papa manman l' yo, li di yo:
1 Kings 12:25Jewoboram ranfòse miray ranpa lavil Sichèm nan mòn peyi Efrayim. Se la l' al rete pou yon tan. Apre sa, li kite Sichèm, l' al ranfòse miray ranpa lavil Penwèl.