Judges 1:4
moun Jida yo, yo moute al goumen. Seyè a lage moun Kanaran yo ak moun Ferezi yo nan men yo. Yo bat yon lame dimil (010.000) sòlda nan lavil Bezèk.
Bib La
In The King James Version
In Context
5Yo jwenn Adonibezèk l'a tou. Yo goumen avè l'. Yo bat moun Kanaran yo ak moun Ferezi yo byen bat.
Cross References
Exodus 23:28m'a voye gwo gèp devan nou, y'a fè moun Evi yo, moun Kanaran yo ak moun Et yo kouri byen lwen nou.
Deuteronomy 9:3Enben, koulye a, nou pral konnen se Seyè a, Bondye nou an, ki pral pran devan nou. Tankou yon gwo dife k'ap boule tou sa li kontre, li pral disparèt yo chak fwa n'a jwenn yo sou wout nou. Li pral fè yo bese tèt devan nou. Se konsa n'a pran peyi a nan men yo, n'a disparèt yo la pou la jan Seyè a te di l' la.
Joshua 11:6Seyè a di Jozye konsa: -Ou pa bezwen pè moun sa yo! Denmen, lè konsa, m'ap fè nou wè tout tonbe mouri la devan je nou. Nou menm, nou pral koupe jarèt tout chwal yo, epi n'ap boule cha yo.
Judges 11:32Se konsa, Jefte janbe lòt bò fwontyè a, li antre nan peyi moun Amon yo, l' al goumen ak yo. Epi Seyè a lage yo nan men l'.
1 Samuel 14:6Jonatan di jenn gason an: -Ann janbe lòt bò nan kan moun Filisti yo, bann moun sa yo ki pa sèvi Seyè a. Ou pa janm konnen, Seyè a ka ede nou. Paske pa gen anyen ki ka anpeche l' fè nou genyen, nou te mèt anpil, nou te mèt pa anpil.
1 Samuel 17:46Jòdi a menm, Seyè a pral lage ou nan men m'. M'ap vide ou atè, m'ap koupe tèt ou. Lèfini, m'ap kite kadav ou ansanm ak kadav sòlda Filisti yo pou zwazo nan syèl ak bèt nan bwa manje. Konsa, tout moun nan peyi a va konnen pèp Izrayèl la gen yon Bondye.