Judges 17:2
Li di manman l' konsa: -Lè yo te vòlò milsan (01.100) pyès lajan ou yo, ou te bay vòlò a madichon. Nou te tande ou ak pwòp zòrèy nou. Gade, men lajan an nan men m'. Se mwen menm ki te pran yo. Manman an di l': -Se pou Seyè a beni ou, pitit mwen, pou sa!
Bib La
In The King James Version
In Context
1Te gen yon nonm yo te rele Mika ki te rete nan mòn peyi Efrayim yo.
Cross References
Genesis 14:19Li beni Abram, li di. Se pou Bondye ki anwo nan syèl la, li menm ki fè syèl la ak latè a, beni Abram.
Exodus 20:7Piga nou sèvi mal ak non Seyè a, Bondye nou an, paske Seyè a p'ap manke pa pini moun ki sèvi mal avèk non li.
Judges 5:23Zanj Seyè a di: Ann mande madichon pou lavil Mewòz! Madichon, madichon pou tout moun k'ap viv nan lavil la. Yo pa t' vin ede Seyè a, yo pa t' voye sòlda goumen pou li.
1 Samuel 14:24Jou sa a, moun pèp Izrayèl yo te fèb anpil tèlman yo te grangou paske Sayil te pran yon gwo angajman devan tout pèp la, li te pase lòd sa a: -Madichon pou nenpòt moun ki va mete manje nan bouch li jòdi a anvan mwen pran revanj mwen sou lènmi m' yo. Se konsa pesonn nan peyi a pa t' manje anyen jou sa a.
1 Samuel 15:13Samyèl al jwenn Sayil. Sayil vin di l' bonjou: -Se pou Seyè a beni ou! Mwen fè tou sa li te ban m' lòd fè.
1 Samuel 26:19Koulye a, monwa, tanpri koute sa m'ap di ou. Si se Seyè a ki moute tèt ou kont mwen, al fè yon ofrann ba li pou li ka chanje lide l'. Men, si se moun k'ap fè ou fè sa, se pou madichon Seyè a tonbe sou yo! Koulye a, yo mete m' deyò nan peyi a pou m' pèdi pòsyon pa m' nan tè Seyè a te bay pèp li a, yo voye m' al sèvi lòt bondye.