Judges 18:17
Senk mesye yo te voye al vizite peyi a antre nan kay la, yo pran estati a, zidòl wogatwa yo ak estati an bwa ki kouvri ak ajan an. Prèt la menm te rete bò pòt devan an ak sisan sòlda ame yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
16Sisan moun fanmi Dann yo te kanpe ak tout zam yo nan men yo bò pòt devan an.
Cross References
Exodus 32:20Li pran estati ti towo bèf yo te fè a, li boule l', li kraze l', li fè l' tounen pousyè. Li simen pousyè a nan dlo. Lèfini, li fè moun Izrayèl yo bwè dlo a.
Judges 17:4Men, pitit la renmèt lajan an bay manman l'. Madanm lan pran desan (0200) pyès an ajan, li bay yon bòs ki fè yon zidòl an bwa epi li kouvri li nèt ak ajan. Li mete li lakay Mika.
Judges 18:14Lè sa a, senk mesye yo te voye al vizite peyi ki nan vwazinaj lavil layis la di lòt moun ki te avèk yo konsa: -Eske nou konnen, nan yonn nan kay sa yo gen yon estati ansanm ak lòt zidòl wogatwa? Gen yon estati an bwa ki kouvri ak ajan tou. Kisa nou kwè nou ta fè la a?
1 Samuel 6:2Moun Filisti yo fè rele prèt yo ak divinò yo. Yo mande yo: -Kisa pou n' fè ak Bwat Kontra Seyè a? Ki jan pou n' fè pou n' voye l' tounen nan plas li?
Isaiah 46:1Bèl ak Nebo, zidòl moun Babilòn yo, fini. Y'ap mete estati yo sou do bèt. Zidòl nou te konn ap leve anlè nan posesyon yo tounen yon chay lou sou do bèt yo ki tou bouke.
Micah 5:13M'ap detwi tout estati ak tout moniman nou te moute pou zidòl yo. Nou p'ap gen lide adore bagay nou fè ak men nou ankò.