Judges 5:11
Koute vwa moun ki al bò sous dlo yo! Y'ap rakonte tout bèl bagay Seyè a te fè, bèl bagay li te fè pou pèp Izrayèl la. Lè sa a, pèp Seyè a te desann bò pòtay yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 26:20Men, gadò mouton peyi Gera yo leve yon sèl kont avèk gadò mouton Izarak yo. Yo t'ap di: -Dlo sa a, se pou nou li ye. Se konsa Izarak rele pi a Pi dezagreman paske yo te chache l' dezagreman pou dlo a.
Deuteronomy 22:24Nèg la va mouri tou paske li te avili yon fi ki te fiyanse ak yon moun pèp Izrayèl parèy li. Wi, se konsa n'a wete bagay mal k'ap fèt nan mitan nou.
Judges 5:8Lè sa a, te prèt pou gen lagè nan peyi a. Moun pèp Izrayèl yo tanmen sèvi lòt bondye. Lè sa a tou, te gen karantmil (040.000) gason nan pèp Izrayèl la. Men, pa t' gen yon plak pwotèj ak frenn pou yo sèvi.
1 Samuel 12:7Koulye a, nou menm, vin kanpe la devan lotèl Seyè a pou m' akize nou. Pou konmanse, m'ap fè nou chonje tout bèl bagay Seyè a te fè pou nou ak pou zansèt nou yo.
Psalms 71:15M'ap fè konnen jan ou san patipri. Tout lajounen m'a fè konnen jan ou delivre mwen, paske se bagay moun p'ap janm fin konprann.
Isaiah 12:3Menm jan kè pèp la kontan lè y' apral pran dlo nan sous, se konsa y'a kontan lè Bondye ap delivre yo.