Judges 6:5
Lè konsa, yo moute ak tout tant yo ak bann bèt yo. Yo moute an kantite, ou ta di bann krikèt vèt. Ou pa ka konte konbe ki genyen, ni kantite chamo yo mennen ak yo. Yo te vin nan peyi a pou ravaje l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 28:33Moun nou pa janm konnen va manje tou sa ki nan jaden nou ak tout pwofi travay nou. Se tout tan y'a malmennen nou, y'a maltrete nou.
Judges 8:10Zebak ak Salmouna te lavil Kakò avèk tout lame yo. Nan tout kantite sòlda moun dezè yo, te gen sanvenmil (0120.000) sòlda ki te mouri. Te rete sèlman kenzmil (015.000) gason.
1 Samuel 30:17Nan denmen, granmaten David atake yo, li goumen ak yo jouk nan aswè. Pesonn pa t' chape, an wetan katsan (0400) jenn gason ki moute kèk chamo epi ki gen tan kouri ale.
Song of Solomon 1:5Medam lavil Jerizalèm, Po m' boule, men m' bèl! Po m' menm koulè ak tant nan dezè a. Men, li bèl tankou rido nan palè Salomon an.
Isaiah 60:6Y'ap ban nou kantite chamo ki soti peyi Madyan ak peyi Efa. Nou p'ap konnen kote pou n' mete yo. Moun ap soti peyi Saba, chaje lò ak lansan. Y'ap pwonmennen fè lwanj Seyè a toupatou.
Jeremiah 49:29Pran tant yo, kabrit yo, mouton yo, rido tant yo ansanm ak tout lòt bagay ki nan tant yo. Pran chamo yo. Di byen fò nan zòrèy yo: Kote ou pase tout moun pè.