Lamentations 1:11
Tout moun ap plenn, y'ap chache manje pou yo manje! Yo bay tout byen yo pou yo sa jwenn manje, pou yo pa fin mouri. -Granmèt o, voye je ou gade m' non! Wè jan y'ap pase m' nan betiz!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 28:52Y'a atake nou. Y'a sènen tout lavil nou yo, jouk y'a fin kraze gwo miray byen wo ki te sèvi nou ranpa, miray nou te kwè ki ta ka toujou pwoteje nou yo. Wi, y'a fèmen nou, y'a sènen tout lavil nou yo, toupatou nan peyi Seyè a, Bondye nou an, te fè nou kado a.
2 Kings 6:25Se konsa, yon sèl grangou t'ap bat moun nan lavil la. Lènmi pa t' bay ankenn chans pou moun antre soti. Lè sa a yon tèt bourik te koute katreven pyès ajan, yon demi liv kaka pijon te koute senk pyès ajan.
Psalms 25:15Se sou Seyè a m'ap gade tout tan, l'ap delivre m' lè m' nan move pa.
Jeremiah 19:9Lè lènmi yo, moun ki soti pou touye yo, va sènen lavil la, sa va ba yo yon sèl kè sere, sa va lage yo nan yon sèl mizè, y'a manje pwòp pitit gason ak pwòp pitit fi yo. Yonn pral manje lòt.
Jeremiah 52:6Sou nevyèm jou katriyèm mwa menm lanne sa a, te gen yon sèl grangou nan lavil la, moun yo pa t' gen anyen pou yo manje ankò.
Lamentations 1:19Mwen rele zanmi m' yo. Men, yo pa okipe m' menm! Prèt yo ak chèf fanmi yo mouri nan lavil la pandan y'ap chache manje pou yo reprann fòs.