Jeremiah 18:21
Koulye a, Seyè, se pou ou fè pitit yo mouri grangou. Se pou ou kite yo mouri anba kout nepe. Se pou madanm yo pèdi pitit yo ansanm ak mari yo. Se pou maladi lapès touye mesye yo. Se pou jenn gason yo mouri nan lagè.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 32:25Nan lari, y'a touye pitit pitit gason yo nan goumen. Moun ki anndan kay va sitèlman pè, kè yo va rete. Jenn gason ak jenn fi va mouri menm jan an tou. Depi timoun nan tete jouk granmoun cheve blan, pesonn p'ap chape.
Psalms 63:11(063:12) Men, Bondye ap fè kè wa a kontan. Tout moun ki mete non l' devan va gen kè kontan tou. Men, y'ap fèmen bouch moun k'ap bay manti yo.
Isaiah 9:16Moun k'ap dirije pèp la fè l' pèdi chemen l'. Pèp la lage kò l' nan bwa.
Jeremiah 11:20Lè sa a, mwen lapriyè, mwen di: -Seyè ki gen tout pouvwa a, ou se yon jij ki pa nan patipri. Ou sonde tou sa ki nan kè ak nan lide moun. Mwen lage kòz mwen nan men ou. Fè m' wè jan w'ap tire revanj ou sou yo.
Jeremiah 12:3Men, ou menm Seyè, ou konn ki moun mwen ye, ou wè sa m'ap fè, ou wè jan m' renmen ou. Pote mechan yo ale tankou mouton y'ap mennen labatwa! Kenbe yo la jouk lè a va rive pou yo touye yo!
Jeremiah 15:8Mwen fè gen plis madanm ki pèdi mari yo nan peyi a pase gen grenn sab bò lanmè. Mwen touye jenn gason nou yo ki te fèk parèt nan lavi a. Mwen mete manman yo nan lapenn. M' rete konsa m' ba yo kè sere ak kè sote.