Lamentations 1:16
Se poutèt sa m'ap kriye konsa! Dlo ap ponpe nan je m' san rete. Pa gen pesonn pou konsole m', pesonn pou ban m' kouraj. Lènmi m' yo gen pye yo sou kou mwen. Moun mwen yo pa gen anyen ankò.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 106:42Lènmi yo t'ap peze yo, yo te soumèt yo nèt anba men yo.
Ecclesiastes 4:1Apre sa, mwen gade tout lenjistis k'ap fèt sou latè. Dlo ap koule konsa nan je moun y'ap maltrete yo. Pa gen pesonn pou ede yo. Moun k'ap maltrete yo gen lafòs avèk yo. Pesonn pa ka fè anyen pou yo.
Jeremiah 9:1Jan mwen ta renmen wè tèt mwen tounen yon sous dlo, de je m' yo tounen de fontenn k'ap bay dlo, pou m' kriye lajounen kou lannwit, pou moun yo touye nan pèp mwen an!
Jeremiah 9:21Lanmò ap pase nan fennèt yo. L'ap antre nan gwo bèl kay nou yo. Li pase men l' pran timoun nan lari, ak jenn gason sou plas mache yo.
Jeremiah 14:17Men sa w'a di yo ankò: -Se pou je m' koule dlo san rete lajounen kou lannwit, paske pèp mwen an tankou yon tifi ki pran gwo frakti, l'ap soufri rèd soufri.
Lamentations 1:2Tout lannwit l'ap plede kriye, dlo ap koule nan je l' san rete. Nan tout moun ki te renmen l' yo, li pa jwenn yonn menm pou konsole l'. Tout zanmi l' yo trayi l', yo tout fè l' lènmi koulye a.