Lamentations 2:7
Bondye sèl Mèt la voye lotèl li a jete. Li pa vle wè kay yo te mete apa pou li a. Li kite lènmi yo kraze miray gwo kay yo. Lènmi yo fè fèt, yo rele byen fò nan kay Seyè a tankou lè n'ap fè seremoni pou li.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 26:31M'a fè lavil nou yo tounen mazi. M'ap detwi tout kote nou fè sèvis yo. M'ap derefize pran bon sant ofrann nou yo.
2 Kings 25:9Li met dife nan kay Bondye a ak nan palè wa a. Li boule dènye kay ki te lavil Jerizalèm, ata kay grannèg yo.
Psalms 72:4Wa a va defann kòz malere ki nan peyi a. L'a wete pitit pòv malere yo nan mizè yo ye a. L'a kraze moun k'ap peze pèp la.
Psalms 74:4Moun ki pa vle wè ou yo, yo kanpe nan mitan kote pèp ou konn reyini an, y'ap rele byen fò. Yo wete tou sa ki nan tanp lan, yo mete drapo pa yo.
Isaiah 64:9Tanpri, Seyè, pa fache tout fache sa a ak nou ankò! Pa kenbe nou nan kè ou poutèt peche nou yo! Se pèp pa ou la menm nou te ye! Tanpri, pitye pou nou!
Jeremiah 4:26Bèl jaden yo tounen dezè. Tout lavil yo boule ratè. Se travay Seyè a, paske Seyè a move anpil.