Lamentations 4:20
Moun Seyè a te chwazi a, li menm ki tout souf lavi nou, li menm nou te konprann ki ta ka toujou pwoteje nou pou lòt nasyon pa anvayi nou, yo pran l', yo mete l' nan prizon!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 2:7Lè sa a, Seyè a, Bondye a, pran pousyè tè, li fè yon nonm. Li soufle nan twou nen nonm lan pou l' ba li lavi. Epi nonm lan vin vivan.
Judges 9:15Pye pikan an di yo: Si nou soti tout bon vre pou nou fè m' wa alatèt nou, enben, vini non. Vin mete kò nou nan lonbraj mwen. Si nou pa fè sa, gen yon sèl dife k'ap soti nan touf pikan an, l'ap boule nou tout, ata pye sèd peyi Liban yo!
1 Samuel 12:5Samyèl di yo: -Jòdi a, Seyè a ansanm ak wa li chwazi a temwen nou pa jwenn anyen pou nou repwoche m'. Pèp la reponn: -Seyè a temwen!
1 Samuel 24:6Li di moun li yo: -Mande Bondye padon! Mwen p'ap fè bagay konsa sou mèt mwen, moun Bondye chwazi pou wa a. Mwen p'ap janm leve men mwen sou li, paske se Seyè a menm ki te chwazi l' pou wa.
1 Samuel 26:9Men, David di Abichayi konsa: -Pa leve men sou li. Seyè a p'ap manke pini moun ki va leve men l' sou wa li menm li te chwazi a.
2 Samuel 1:14David di l' konsa: -Bon. Ki jan ou fè pa t' pè leve men ou sou wa Bondye chwazi a pou ou rive touye l'?