Lamentations 5:21
Seyè, fè nou tounen vin jwenn ou non! Fè nou tounen vin jwenn ou! Fè nou viv jan nou te konn viv nan tan lontan an non!
Bib La
In The King James Version
Turn thou us unto thee, O LORD, and we shall be turned; renew our days as of old.
In Context
20Poukisa ou lage nou pou tout tan sa a? Gen lè ou p'ap janm chonje nou ankò!
22Eske ou voye nou jete pou tout bon? Pou di ou p'ap janm sispann fache sou nou?
Cross References
1 Kings 18:37Reponn mwen, Seyè! Reponn mwen pou pèp sa a ka konnen se ou menm Seyè a ki Bondye, pou yo rekonèt se ou menm k'ap fè yo tounen vin jwenn ou.
Psalms 80:7(080:8) Bondye ki gen tout pouvwa, mete nou sou pye nou ankò. Fè nou santi ou la avèk nou, epi n'a delivre.
Psalms 85:4(085:5) Mete nou kanpe sou de pye nou ankò! O Bondye, ou menm ki delivrans nou! Ou pa bezwen fache sou nou ankò!
Jeremiah 31:4Bèl pèp Izrayèl mwen sa a, m'ap rebati peyi nou an. Peyi nou an va kanpe ankò. Nou pral dekwoke tanbouren nou yo ankò. Nou pral danse ak kè kontan.
Jeremiah 31:23Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, di ankò: -Lè m'a fè pèp mwen an tounen lakay li, men sa yo pral mache di ankò nan tout peyi Jida ak nan tout lavil li yo: Se pou Seyè a beni mòn ki apa pou li a, mòn kote Bondye k'ap delivre a rete a.
Jeremiah 33:10Seyè a di ankò: Y'ap di peyi a tounen yon dezè, pa gen moun, pa gen bèt ladan l'. Se vre wi. Lavil peyi Jida yo, tout lari lavil Jerizalèm blanch: ou pa jwenn ni moun, ni bèt ladan yo. Men nan peyi a y'a tande ankò