Leviticus 24:9
Se pou Arawon ak pitit gason l' yo pen yo va ye. Y'a manje yo yon kote ki apa pou Seyè a, paske se yon pòsyon ki apa nèt pou Bondye nan manje yo ofri pou boule nan dife pou Seyè a. Se yon regleman ki la pou tout tan tout tan.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 27:21Se Arawon ak pitit li yo ki va mete lwil nan lanp sa a, ki nan Tant Randevou a pa deyè rido a, devan Bwat Kontra a. Se la gwo lanp lan va limen devan Seyè a depi aswè jouk maten. Se pou moun Izrayèl yo swiv lòd sa a pou tout tan, de pitit an pitit.
Leviticus 3:17Piga nou janm manje ni grès ni san. Sa se yon regleman pou nou swiv, de pitit an pitit, kote nou pase.
Leviticus 6:11Apre sa, l'a chanje rad ankò, l'a mete rad òdinè l' sou li, l'a pote sann lan kote ki rezève pou sa, andeyò lòt bò limit kote moun yo rete a.
Leviticus 8:3Apre sa, w'a rele tout pèp la pou yo sanble devan pòt kay Randevou a.
Leviticus 10:12Moyiz pale ak Arawon ansanm ak de lòt pitit gason ki te rete l' yo, Eleaza ak Itama, li di yo: -N'a pran farin ki rete nan ofrann grenn yo boule pou Seyè a, n'a fè pen san ledven avè l', n'a manje yo bò lotèl la, paske ofrann lan, se yon ofrann ki apa nèt pou Seyè a.
Leviticus 21:22Yon nonm konsa ka toujou manje nan manje yo ofri ban mwen, kit se nan manje yo ofri m' lan osinon nan manje yo mete apa pou mwen an.