Leviticus 14:45
Lè sa a, y'a demoli kay la nèt epi y'a pran wòch, bwa, mòtye ki te nan kay la, y'a voye yo jete andeyò lavil la, kote yo mete bagay ki pa ka sèvi pou sèvis Bondye.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
2 Kings 10:27Yo demoli lotèl Baal la ansanm ak tanp lan. Yo pran tanp lan yo fè l' sèvi latrin jouk jounen jòdi a.
2 Kings 18:4Se li menm ki te kraze tout tanp zidòl yo. Li kraze tout wòch yo te mete kanpe pou zidòl yo, li koupe estati Achera yo. Li kraze an miyèt moso estati sèpan an kwiv Moyiz te fè a, paske jouk lè sa a toujou pèp Izrayèl la t'ap boule lansan pou li. Yo te rele l' Newouchtan.
2 Kings 25:25Nan setyèm mwa a menm lanne sa a, Ismayèl, pitit Netanya, pitit pitit Elichama, rive Mispa ansanm ak dis lòt moun. Ismayèl te yon ti fanmi wa a. Yo touye Gedalya ansanm ak tout gason jwif ki te lavil Mispa avèk Gedalya. Yo touye tout sòlda moun Babilòn ki te la tou.
Ezekiel 5:4Lèfini, w'a pran de twa branch cheve nan sa ou te sere yo, w'a voye yo jete nan dife pou yo boule. Dife a ap gaye nan tout peyi Izrayèl la.
Matthew 24:2Men li di yo: Nou wè tout bagay sa yo! Sa m'ap di nou la a, se vre wi. Yon lè p'ap gen de wòch k'ap rete kanpe yonn sou lòt. Tou sa pral kraze nèt vide atè.
Revelation 11:2Men, pa okipe gwo lakou ki dèyè tanp lan, pa mezire li. Paske se pou etranje yo li ye, yo menm ki gen pou foule lavil Bondye a anba pie yo pandan karannde mwa.