Lik 1:20
Men, paske ou pa kwè pawòl mwen yo ki gen pou rive nan tan yo, ou pral vin bèbè, ou p'ap ka pale jouk jou bagay sa yo va rive.
Bib La
In The King James Version
In Context
21Tout tan sa a, pèp la menm t'ap tann Zakari; yo te sezi wè jan l' te mize nan tanp lan.
Cross References
Exodus 4:11Seyè a di l': -Kilès ki bay moun bouch pou yo pale? Kilès ki fè moun sa a bèbè, moun sa a soudè? Kilès ki fè moun sa a wè, moun sa a avèg? Eske se pa mwen menm, Seyè a?
2 Kings 7:2Gadkò wa a reponn pwofèt la, li di l': —Seyè a ta mèt louvri syèl la pou voye bagay sa yo, sa ou di a pa ka fèt. Elize di li: —Ou wè ou menm, w'ap wè sa rive ak pwòp je ou, men ou p'ap gen chans manje ladan l'!
Isaiah 7:9Lavil Samari se kapital peyi Izrayèl la. Pekak, pitit gason Remalya a, se wa lavil Samari. Si nou pa kenbe konfyans nou fèm nan Bondye, nou menm tou nou p'ap chape.
Ezekiel 24:27Menm jou sa a, w'a ka louvri bouch ou pale ak moun ki chape a. Wi, w'a ka pale, ou p'ap bèbè ankò. Se konsa ou va yon siy pou pèp la. Lè sa a, y'a konnen se mwen menm ki Seyè a.
Mark 16:14Pita, Jezi parèt devan tout onz disip yo yon lè yo t'ap manje. Li repwoche yo dèske yo pa t' gen konfyans, yo t'ap fè tèt di toujou, yo pa t' kwè moun ki te wè l' yo apre li te leve soti vivan pami mò yo.
Luke 1:45Ou se yon fanm beni! Paske, ou te kwè tout pawòl Mèt la voye di ou yo gen pou rive vre.