Lik 10:33
Men, yon moun peyi Samari ki t'ap vwayaje sou menm wout la rive bò kote nonm lan; kè l' fè l' mal lè li wè nonm lan.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Kings 8:50Padonnen pèp ou a tout peche yo te fè kont ou, tout vire do yo te vire do ba ou. W'a fè lènmi ki te depòte yo gen pitye pou yo.
Jeremiah 38:7Lè sa a, te gen yon moun peyi Letiopi ki te rele Ebèdmelèk. Se te yon nèg konfyans ki t'ap travay lakay wa a. Li vin konnen yo te mete Jeremi nan sitèn lan. Jou sa a, wa a te chita ap rann jijman bò Pòtay Benjamen an.
Matthew 10:5Jezi voye douz mesye yo ale, li ba yo lòd sa a: Piga n' ale nan peyi moun lòt nasyon yo. Pa antre nan lavil Samari yo.
Luke 7:13Lè Jezi wè vèv la, kè l' fè l' mal pou li, li di li: Pa kriye, tande!
Luke 17:16Li lage kò l' atè nan pye Jezi, li di l' mèsi. Nonm sa a te yon moun pèyi Samari.
John 8:48Jwif yo reponn li: Nou te gen rezon lè n' t'ap di se moun Samari ou ye. Ou gen yon move lespri sou ou.