Luke 14:23
Mèt la di domestik la: Ale nan gran chemen ak nan tout ti wout. Mezi moun wa jwenn, fè yo antre pou kay mwen an ka plen.
Bib La
In The King James Version
In Context
22Apre sa, domestik la di: Mèt, nou fè tou sa ou te mande nou fè, men gen plas toujou.
Cross References
Genesis 19:2Li di. Mesye, mwen la pou m' sèvi nou. Tanpri, vin lakay mwen. n'a ka lave pye nou, n'a pase nwit la la. Denmen maten, n'a leve, n'a reprann wout nou. Mesye yo reponn. Non. Nou pral pase nwit la sou laplas la.
Psalms 110:3Jou w'ap pare pou konbat lènmi ou yo, pèp ou a va prese vin ba ou konkou. Tankou lawouze nan granmaten, jenn gason ou yo va vin jwenn ou sou mòn ki apa pou Bondye a.
Isaiah 19:24Lè sa a, peyi Izrayèl la va sou menm pye ak peyi Lejip ansanm ak peyi Lasiri: twa nasyon sa yo va yon benediksyon pou tout moun sou latè.
Isaiah 49:5Se Seyè a menm ki chwazi m' depi m' fèt pou m' sèvi l', pou m' fè fanmi Jakòb la tounen vin jwenn li, pou m' sanble pèp Izrayèl la mennen ba li. Seyè a ban m' bèl pozisyon sa a. Se li ki tout fòs mwen.
Zechariah 14:8Lè jou sa a va rive, bèl dlo dous pral koule soti lavil Jerizalèm. Mwatye nan dlo a ap fè yon branch larivyè desann bò solèy leve, tonbe nan lanmè Mouri a. Lòt mwatye a ap desann bò solèy kouche, tonbe nan lanmè Meditèrane a. Dlo a ap koule san rete, nan sezon fredi kou nan sezon chalè.
Matthew 21:43Se poutèt sa mwen di nou: y'a wete Peyi kote Bondye Wa a nan men nou, y'a pran l' bay moun yon lòt nasyon ki va bay rannman pou Peyi Wa a.